Font Size
Lik 3:15-17
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 3:15-17
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
15 Kòm tout moun t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt, yo t ap poze tèt yo kesyon. Yo t ap reflechi konsènan Jan. Yo t ap di: “Ou kwè se pa li menm ki Mesi a.”
16 Jan te reponn moun yo, li di yo: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, men gen yon lòt k ap vini apre m. Li pi fò pase m. Mwen pa bon ase pou m ta menm delase soulye l. Li menm, l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. 17 Li gen laye[a] l nan men li pou l netwaye rekòt la. L ap mete bon grenn yo nan depo li, epi l ap boule pay la nan yon dife ki p ap janm etenn.”
Read full chapterFootnotes
- 3:17 Mo ki itilize nan tèks orijinal la pale sou yon enstriman tankou yon laye yo te konn itilize pou voye grenn yo anlè pou van ka pran pay yo pote ale.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International